Omega (Haitian Edition)

Price 10.45 - 11.00 USD

EAN/UPC/ISBN Code 9780976519645


Liv pwezi sa "Omega" se premye liv pwezi Jacques Pierre pibliye. Liv sa gen de pati ladan. Nan premye pati a, genyen plizyè powèm ki pale sou lanati, politik, lanmou, elatriye. Nan chak powèm yo, w ap jwenn kontantman melanje ak tristès, sajès melanje ak kout san, konsèy melanje ak kout tèt, laperèz melanje ak vanyans, ki se chapant chak grenn powèm yo chita sou li. Nan dezyèm pati liv la, tout powèm yo fèt ak pwovèb sèlman. Travay sa montre jeni lengwistik pèp Ayisyen an. Nan chak grenn pwovèb, w ap jwenn fòs resistans pèp la melanje ak feblès li, pasyans li melanje ak kè cho li, gwo bonnanj li melanje ak ti bonnanj li, kwayans li nan Granmèt la ak Ginen yo.